Joseph Lambert deklare ke li se pèsonalite politik ki ideyàl pou kondwi tranzisyon peyi a

2,035

09/02/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Joseph Lambert pwezidan ti miyèt sena a, reyite volonte li pou li jwe wòl pwezidan annatandan repiblik Dayiti, nan yon entèvansyon piblik ke li fè sou gouvènans peyi a.

Lambert ki fè pati de yon seri senatè “aloufa”, “rasi” ak “paka pa la” ke anpil moun ta estime ki mete peyi a nan plis maras ekonomik, kòmanse nan gagotay kòb pwason paskal, pase pran voye jete nan yon kwen dosye Petwo Karibe a e tonbe jous rive nan lwe leta yon katafal machin lokasyon pou depite ak senatè a rezon $200 chak jou, ap trese lèl pou vann yon pi bon imaj de tèt li.

Pou Lambert, se senatè ti miyèt sena a ak yon majorite nan diferan sektè ki chwazi li pou jwe wòl pwezidan annatandan peyi a. “Mwen se pèsonalite politik ki ideyàl ki genyen eksperyans adekwàt ki kapab kondwi tranzisyon peyi a. Ayiti dwe pwofite yon parèy opòtunite”, dapwè senatè Sidès la ki tap vante tèt li.

Sepandan, “Animal politik” Lambert rete kwè fòk genyen yon konpwomi e plede pou yon egzekitif bisefal, tankou jan Konstitisyon an ak majorite popilasyon an mande l. Lambert rapouswiv pou l di, ke li pap danse kole ak pwemye minis Ariel Henry ke li estime ki konplètman ekate Manman Lwà peyi a. Li rete kwè nan salmanaza nasyon ayisyèn nan tonbe la, li mande yon lidè fleksib, entelijan, fò e eklere ki kapab diskite ak entènasyonal la.

Lambert ajoute, ke li pap asèpte yon parèy chwa si tout fwa pa genyen yon “feuille de route” ki esplike klèman konbyen tan tranzisyon ap dure.

Nap raple, senatè Joseph Lambert te konseye pwezidan Joseph Michel Martelly ak pwezidan Jovenel Moise.

Comments are closed.