Yon fwi mirak ki konbat anpil maladi

0 730

Tamaren se yon fwi ki natif natal kontinan Afrik la ak Azi ke kilti Endyen an itilize anpil. Li gaye kòl nan anpil zònn twopikal e soti nan pye bwa ki rele tamarinye. Fwi tamarin-an pwezante sou fòm ekòs ak yon koulè mawon fonse sitou lè li mi e li gen yon long apepwè 15 santimèt. Li gen yon gou dous e asidik; ki trè rechèche nan yon pakèt pla epise.

Fwi tamarin-an gen anpil byenfè ladan ki ekstrèmman bon pou lasante. Li gen yon nich vitamin tankou: A, B1, B2. B3, B5, B6, C ak mineral tankou kalsyòm, selenyòm, potasyòm, manyezyòm, kwiv, fè, ak fosfò. Nan yon etid ke depatman famakoloji te fè nan yon lekòl teknoloji nan peyi End, tamarin se youn nan fwi ki byen trete anpil doulè abdominal, dyare, paludis, fyèv, konstipasyon, enflamasyon ak malady sye. Konsa, tout konpoze sa yo pèmèt li trete tou dyabèt ak e genyen kapasite antioksidan pou konbat mikwòb. Se reyèlman yon plant ki ede nan plizyè fason avèk yon potansyèl ki konsiderab pou lasante.

Me rezon ki fè li nesesè pou moun konsome fwi sa ki kontwibwe nan kenbe òganis yon moun djanm:

  • Li gen yon richès an vitamin A ki ranfòse ou amelyore vizyon e diminye ris pou deteryorasyon makilè ki gen rapò ak laj.
  • Li pèmèt redwi anflamasyon atikilasyon. Tamaren genyen pwopwiyete anti-anflamasyon ki soulaje doulè e pwoteje tisu ki nan jwent yo.
  • Ekstrè grenn tamarin redwi doulè rimatis ak fatig katilaj.
  • Savonoid ak polifenòl ki nan grenn tamarin an ede jere pwoblèm dyabèt byen. Li regularize nivo suk-la ki nan san an.
  • Li reje sante kadyak tou; li rich an anti-oksidan tankou polifenòl ak savonoid ki estabilize kolestoròl sitou sa ki pa bon an.
  • Li pwoteje fwa. Anpil maladi fwa toujou konekte avèk yon seri ajan toksik ki poze gwo pwoblèm sante. Dapwè yon seri etud ki trè pouse, fèy tamarin gen yon efè anti-apoptotik ki pwoteje fwa-a.
  • Li kontwole pwa. Gen anpil pwogram pou pèdi pwa ki itilize ekstrè grenn tamarin an pou konbat moun ki twò gwo.
  • Li konbat ilsè destoma. Etud nan depatman syans famasetik nan Inivèsite Guru nan peyi End, analize efè tamarin-an ki gen anpil kapasite pou konbat ilsè destoma.
  • Ekstrè grenn tamaren gen gwo efè pozitiv sou azmatik, tous ak alèji.

Pou konsome fwi sa-a, li enpòtan pou bouyi-l nan dlo pandan kèk tan. Fanm ansent dwe konsilte doktè yo avan itilize tamaren.

TRiboLAND

Leave A Reply