Grandans Agrikilti : CA-17 int Agrokonsil òganize 2 jounen fòmasyon pou 91 agro – ankadrè

87
0
Share:
TRiboLAND

04/18/2026

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan objektif pou ankadre peyizan, plantè, agrikiltè yo, operatè CA-17 int Agrokonsil kap ekzekite pwojè PARSA pou ministè agrikilti òganize 2 jounen fòmasyon pou 91 agro – ankadrè.

Jen pwofesyonèl sa yo ki se yon ekip fanm ak gason, pwal akonpaye plizyè milye peyizan, plantè, agrikiltè, ebenefisyè pwojè agrikilti rezilyans sekirite alimantè a nan komin Bomon ak Bonbon-Wozo ki te deja benefisye plantil ak semans. Konsa, asistans sila, ap pèmèt yo ogmante pwodiksyon manje ak pwoteje anviwònman lakay.

Kòdonatè CA-17 int Agrokonsil lan, agronòm Jocelyn Jean mandé tout pwofesyonèl agro- ankadrè ki angaje nan pwojè agrikilti rezilyans sekirite alimantè PARSA a, pou respekte tout konsiy ak règleman ki etabli yo, nan kad ekzekisyon pwojè a.

Nap raple, se Bank Mondyal ki finanse pou ministè agrikilti yon parèy pwojè, kap dire pou yon peryòd 2 lane, patikilyèman nan komin Bomon ak Bonbon-Wozo.

Share:

Leave a reply