Sa fè dezyèm fwa nan monn lan chèchè medikal yo arive geri ou elimine konplètman viris SIDA nan san yon malad

0 398

Wayòm Ini__(TRiboLAND) Chèchè medikal nan peyi Wàyòm Ini konfime ke yon sèten “Malad Lond lan,” ki te pran viris SIDA a, vinn konplètman geri e ap kouri apepwè 2 zan depi li pa gen enfeksyon an nan san li. Sepandan yo avèti moun pou pa kouri jeralize gerizon an.

Sa fè dezyèm fwa nan listwa lemon, yon malad ki fè VIH, nan viris SIDA geri konplètman e debarase l de enfeksyon an, dapwè sa doktè yo konfime jodi 10 Mas 2020 an.

Nan yon etid ki pibliye nan jounal mekal “The Lancet HIV,” fouyapòt medikal yo nan Inivèsite Cambridge sètifye ke yo pa jwenn oken tras viris la lakay malad depi plis pase 2 zan edmi apwè ke li te subi yon tretman abaz transplatasyon selilè.

Nouvo done lon tèm sa yo, vini egzakteman nan moman chèchè yo apwè 18 mwa te inisyalman rapòte oken tras viris la nan malad la.

“Pasyan Lond lan, tankou anpil moun rele l te nan VIH-1 remisyon pou 30 mwa san ke oken tras viris la pat detekte nan san li, CSF (dlo nan epenn serebwal li), tisu entesten oubyen tisi lenfoid,” chèchè yo konklu nan rezilta yok e pat ka genyen viris ki aktif ki kapab detekte. “Nou pwopoze twouvay sa yo repwezante gerizon VIH-1.

An menm tan an, chèchè yo avèti ke rezilta yo pa repwezante yon gerizon jeneralize pou VIH, ki lakòz pwèske 1 milyon lanmò pou chak ane. Yo te note tou ke yo te administre tretman selil souch lan pou adrese yon malady diferan.

Leave A Reply