Mèri Pòdpe, Nouvo ekip la denonse vid administratif ki t ap taye banda nan Mèri Pòdpe a

04/13/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès ki fèt jodi lendi 13 avril 2026 la, Ajan Egzekitif Enterimè Mèri Pòdpe yo fè piblik la konnen plizyè nouvo desizyon enpòtan ki deja pran pou remete administrasyon komin nan sou pye. Pami mezi sa yo, yo anonse nominasyon yon nouvo Direktè Jeneral ansanm ak yon responsab Kominikasyon pou amelyore fonksyonnman ak transparans nan jesyon Mèri a. Ekip la fè konnen tou yo deja kòmanse fè plizyè rankont ak diferan enstitisyon nan vil la, pandan kèk ti travay lejè ap fèt gras ak sipò ak solidarite kèk sitwayen angaje nan kominote a.
Majistra Ralph Moreau deklare sitiyasyon yo jwenn nan Mèri a trè alaman, sitou sou kesyon resous entèn ak achiv administratif yo. Daprè li, pa gen okenn dosye ni okenn tras ki ka pèmèt nouvo ekip la konnen kijan ansyen administrasyon an te jere zafè Mèri a pandan plis pase 10 lane ak 5 mwa. Li menm rive pale de yon “Mèri yo jwenn zewo”, yon deklarasyon ki soulve anpil kesyon sou fason ansyen majistra Josué Alusma te kite enstitisyon an. Sitiyasyon an vin pi tris toujou ak nouvèl lanmò kesye peyè Mèri a, ki ta mouri nan kondisyon kritik yon jou sèlman apre nouvo ekip la te rankontre l.
Anpil sitwayen deja ap wè sa kòm siy yon move jesyon, enkonpetans ak koripsyon ki te pran rasin nan Mèri Pòdpe pandan plis pase 10 lane deriv. Pandan tan sa a, vil la te kontinye ap fè fas ak labou, dlo sal ak fatra toupatou, san gwo entèvansyon vizib. Plizyè obsèvatè estime disparisyon achiv yo ka rann li difisil pou nouvo administrasyon an trase responsablite sou kesyon jesyon ak itilizasyon fon piblik yo. Dosye sa a deja ap soulve gwo enterè nan opinyon piblik la e li ka mande plis ankèt sou sa ki te pase pandan ansyen rejim nan.






