Doktè Steeve Phito inogire yon twazyèm Club pou ti granmoun yo nan zòn Raboto jounen vandredi 05 avril 2024 la.

839

04 – 05 – 2024

Gonayiv, Ayiti__(TRiboLAND) Direktè Sant sante Raboto a ki an menm tan Kowòdonatè Club Marie et Louise Basen nan vil Gonayiv, Dr Steve Phito Fils Neard, inogire yon twazyèm Sant Sosyal pou ti grandèt yo nan zòn Raboto ki fè pati lopital Raboto a, jounen vandredi 5 avril 2024 la.

Club sa pral pèmèt ti granmoun yo jwenn swen sante, patisipe nan espò ak manje ansanm chak vandredi. Kowòdonatè Club la oubyen Sant lan, fè konnen y ap travay pou resevwa yon santèn ti grandèt kap viv nan Raboto.

Dapwè enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive boske bò kote All News Radyo TV, yon trantèn ti granmoun te patisipe nan lansman pwojè pilòt sa a, kote yo jwenn medikaman ak lamanjay.

Nan moman seremoni lansman an, Direktè lopital Raboto a, Dr Steve Phito Fils Neard, te pwofite remèsye Direktè Depatmantal Sanitè Latibonit lan, Dr Henock Savain ki te pote sipò li nan lansman aktivite sila.

Comments are closed.