7èm Seksyon Mawoyè: sechrès, grangou ak mizè, popilasyon an pa deside rete chita lakay

435

Mawotyè/Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen dimanch 7 jwen 2020 sa a, kowòdonatè KASEK Mawotyè 7èm Seksyon kominal Pòdpè a, Ervilus Momus pwezante yon tablo tris de Seksyon lap dirije a.

Ervilus Momus

Lapli pa tonbe nan zònn sa a depi plis pase 7 mwa. Peyizan yo ak tout zannimo yo ki se kanè bank sitwayen yo pa jwenn dlo pou yo bwè. Sa lakoz mizè ap kale vè, grangou klowòks, lavichè, sechrès achte Seksyon an lajan kontan.

Ervilus Momus ki estime “chen grangou pa jwe,” mande pou gouvènman an tande kri popilasyon an ki lage 2 bwa balanse ansuit ki pa deside rete chita lakay yo pou fè fas kare ak pandemi COVID-19 la akoz yo nan yon mizè kap ravaje zònn ba wès la gravman, grav.

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.