Nòdès/Enfrastrikti: Biwo rejyonal MAST avan lontan nan Wanament, daprè senatè Wanick Pierre

2,253

06-21-2022

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Pandan l tap patisipe nan emisyon “Koze Mande Ti Chèz” sou Radio Canarie 98.3 FM stereo, samdi 18 jwen 2022 a, senatè Repiblik la, Mesye Wanick Pierre mansyone divès pwojè ki trè byento pral antreprann nan depatman Nòdès la, sitou nan komin Valyè ak Wanament.

Si pou komin Valyè gen plizyè kontenè ak ekipman enpòtan (panno solè, batri ak akseswa) ki deja sou wout yo pou enstale sistèm solè a, sou zafè biwo ministè afè sosyal; travay reyabilitasyon ak pou itilize ansyen kay ki te loje Ladwàn Wanament lan deja regle, daprè deklarasyon Senatè Wanick Pierre.

“Se te yon kesyon travay ansanm ak Meri Wanament pou jwenn yon fim lokal epi edite dokiman pwojè sa a. Nou pral sèlman bezwen de milyon (2.000.000) goud pou finanse pwojè sa a. Nou pral resevwa premye vèsman an kap yon milyon goud semèn pwochèn. Epi, dezyèm lan pral debouse imedyatman aprè yo fin soumèt rapò yo ki gen rapò ak itilizasyon premye tranch la”, daprè sa senatè a di.

Nap fè w sonje Biwo Afè Sosyal ak Travay (MAST) pa fonksyone nan komin Wanament depi plis pase 2 lane. Sa kontribye anpil nan rezurjans vyolasyon dwa travayè yo nan divès enstitisyon lokal yo, sitou nan CODEVI. Gen kèk travayè yo revoke selon konsantman siperyè yerachik yo. Yo pafwa revoke sèlman pou paske yo refize koube anba chèf yo.

Senatè Wanick deplore neglijans ki mete nan kwen tout pwojè ki t ap mache sou prezidans Jovenel Moïse yo, preske 12 mwa aprè asasina li. Li pwofite envite tout moun ki te kwè nan ideyal defen Prezidan Jovenel Moïse yo pou yo reveye pou kontinye batay la. Epi, pou fè sa, li kwè ke yo bezwen pouvwa nan tout nivo: ASEC, CASEC, Delege Vil la, Majistra, Depite, Senatè, menm Prezidan, pou nou ka konplete tout pwojè ou rèv li yo.

“Pwojè elektrisite 24/24 la ta deja yon reyalite nan komin tankou Kapotiy ak Karis si prezidan an te vivan toujou. Malerezman, se jodi a ke nou reyèlman wè poukisa yo touye l. Epi, se gras a gwo batay ke pwojè sa yo arive egzekite a 15%.

Anplis devlopman batiman ki te loje Ladwàn Wanament lan e ki pral loje MAST la, popilasyon Wanament la mande Senatè Wanick Pierre pou asire swivi ki nesesè pou finalize pwojè konstriksyon Pak jwèt Gaya ak Plas piblik Wanament la, pami lòt yo.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.