Yon gwoup kidnapè jwen ak zo grann yo nan Ba Nòwès aprè yo te finn kidnape yon latriye moun

04/03/2026
Ba Nòwès, Ayiti______(TRiboLAND) Sa pa genyen lontan, depi popilasyon Ba Nòwès la atire atansyon Direksyon depatmantal PNH la nan Nòdwès, sou yon seri foye gang kap rache separe e simen laterè nan diferan rejyon nan depatman an.
Antouka, jounen Vandredi 3 avril 2026 la, peyizan nan diferan kwen nan Ba Nòwès te mobilize nan diferan rakwen, kote ke yo tap fè lachas dèyè yon group bandi ki te sezi yon Kantè nan lokalite Bab Panyòl.
Machinn sila ak tout chofè a ki abitye fè trajè Ba Nòwès – Sen Domeng, te tonbe anba kontwòl bandi yo ki tap mache kidnape plizyè rezidan nan zòn Trasayèl pou rive Monpayas; pami viktim yo ou jwenn madanm Odrange ke yo te kidnape nan Lakoma. Alòske Luckner ke yo te jwen ak tout pitit li, te oblije moute machinn nan tou. Anfen, se prèske chak moun yo jwen sou wout yo, yo fouye yo e fòse yo moute kamyon an.
Konsa, bandi yo ta pwogrese jouskaske yo te ale al fè lè nan zòn Lavirinn. Yon temwen esplike TRiboLAND.com ke bandi yo te arive fèmen tout moun yo nan kantè a, e yo ale al kache nan raje a. Antouka, gras ak rezo sosyo yo, atravè telefòn pòtab, bwi kouri e nouvèl la te gaye nan kat pwen kadino Ba Nòwès. Peyizan yo arive dekadnase machinn nan e libere tout moun; alòske bandi yo ki te tante tire sou moun yo, te arive blese yon sekouris ki tap mache sou yo nan raje a. Finalman, pèp souvren te avanse sou yo nan plizyè direksyon avèk manchèt, baton gayak e menm kouto digo avèk wòch.
Nan develop ladrès ou teknik, abitan yo arive lokalize bandi yo ki tap sove po yo, aprè yo te finn blese anba kout bal yon rezidan ki tap tante neutralize yo. Toutfwa, popilasyon sila ki te depase plizyè milye moun, te arive enskri 2 nan bandi yo nan pwogram “Bwa Kale” a, alòske, kon chyen fou y’ap fè bwas pou arive deniche yon twazyèm sangwen ki gaye nan lanati.






