Gefra Étienne, ansyen depite komin Abriko mouri asasinen nan anbyans rara.

150
0
Share:
TRiboLAND

03- 04- 2026

Abriko, Ayiti____(TRiboLAND) Grav ensidan nan komin Abriko, zònn Batis, dezyèm seksyon, nan jounen Vandredi Sen, 3 Avril 2026 lan. Konsa, endividi lapolis ak lajistis poko idantifye, touye ak yon kout kouto nan kou Gefra Étienne, ansyen depite karant senkyèm lejislati a, ou ansyen kandida Platfòm politik INITE, pou pos depite sikonskripsyon Abriko.

Selon enfòmasyon TRiboLAND.com arive boske, ansyen palmantè a, te rann li nan zonn 2èm seksyon kominal Abriko, pou patisipe nan anbyans rara jan ke l konn abitye fèl chak ane. Premye enfòmasyon yo fè kwè, ansyen depite Étienne jwenn lanmò li nan moman 2 bann rara tap twoke kònn yo.

Lapolis ak lajistis pou moman sa a, poko arive idantifye ou pwosede ak arestasyon sispèk yo nan krim sila, ki mete plizyè senpatizan palmantè nan gwo konstènasyon ak dlo nan je. Etienne te egalman yon gwo kiltivatè.
Ke nanm li repoze nan lapè etènèl!

Share:

Leave a reply