Péguy Siméon, yon lòt zak, yon lòt krim PNH komèt ki soulve konsyans nasyonal la

215
0
Share:
TRiboLAND

05/12/2021

Wanament_____(TRiboLAND) Yon lòt video revòltan ki akize yon lòt fwà ankò sitiyasyon dwà sitwayen ayisyen anba rejim defakto PHTK a. Jèn gason depòte, ki tap chèche retrouve fanmiy li nan Wanament jwen lanmò li anba bwitalite plizyè san maman ajan CIMO ki maltrete ak kout baton.

Yon video viral sou rezo sosyàl yo ap sikile, montre yo vòltije soti nan bis la atè viktim, lonje atè alòske plizyè polisye PNH ap matrake’l, yon bagay imen pa ka gade!

 Péguy Siméon, ki se moun Pòmago te depòte soti repiblik dominikèn e li tap eseye antre lakay li Okap; li arive mouri samdi 8 me 2021 nan yon lopital anba blesu, fwàp fizik graze zo.

Share:

Leave a reply