Nan okazyon 29 lane asasina pè Jean Marie Vincent, dirijan Tèt Kole ti peyizan yo prezante yon konferans bay laprès

783

08-29-2023

Mol Sennikola, Ayiti___(TRiboLANDD) Pou komemore 29 lane asasina pè Jean Marie Vincent, dirijan òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan yo nan depatman Nòdwès peyi a, prezante yon konferans pou laprès jounen lendi 28 out 2023 a, nan komin Mol Sennikola pou reklame jistis pou moun ki te mouri asasinen yo.

Joanès Dalma nan entèvansyon li mande jistis pou pè Jean Marie Vincent, pè Ti Jean Pierre-Louis ak Jean Léopold Dominique grandon ak tchoul ameriken te touye pou lit ak espwa pèp Ba Nòwès.

Manm òganizasyon TK yo di yap kontinye batay jiskaske yo jwenn jistis pou tout militan yo ki te asasinen pou dwa yok e yo tap defann kòm moun.

Comments are closed.