Tigwav : CRSDG òganize yon sitting sou Pon Ladig pou mande leta santral ak lokal pou jete gabyon ak fè kiraj sou rivyè a.

111
0
Share:
TRiboLAND

03 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Cellule réflexion et la Surveillance de La Digue Petit Goâve (CRSDG), òganize jodi mèkredi 25 mas 2026 lan, yon sitting sou pon Ladig nan Tigwav, nan lide pou mande leta santral ak lokal pou asime responsabilite yo genyen pou fè kiraj ak mete grabyon nan rivyè a.

Pòt pawòl CRSDG Jolicoeur Alfonse, fè konnen depi aprè pasaj ouwagan Melisa nan lannwit madi 28 pou louvri mèkredi 29 oktòb pase a, Leta ayisyen abondone yo, malgre Melisa te koze anpil gro dega, kote plis pase 20 moun te pèdi lavi yo, san konte sa ki te disparèt, ak plizyè santèn kay te kraze. Te genyen anpil andomaje men nan machwè!

Militan celil CRSDG a, mesye Jolicoeur, deklare otorite yo ak ONG yo amize yo nan bay kit ak gren’n diri, pandan vil ap fin kraze anba gwo menas rivyè Ladig. Li deklare ke yo pa enterese nan kit ou manje pòv; yo pa vle gren’n diri. Kidonk, pou li menm, vi moun pi enpòtan ke tout ti pwogram tèt chat sila yo.
Nan sans sa a, pòt vwa Cellule de Réflexion et de la Surveillance de Ladigue (CRSDG), Jolicoeur Alfonse mande otorite yo nan leta santral ak lokal pou fè kiraj, mete grabyon nan tou 2 bò rivyè a epi moute nan tèt mòn yo fè rebwzman, fè kanal dekontou, ak sèy. Konsa, inisyativ sila yo ap kapab garanti bonjan konsève sòl la e anpeche li ale nan lanmè. Pandan l presize si pa genyen anyen ki fèt nan jou kap vini yo, yo menase bloke tout bawo piblik yo nan vil Tigwav.

Share:

Leave a reply