Senlwidinò : Enspektè minisipal yo vizite yon teren pou konstriksyon lopital kominotè nan site Siyon.

144
6
Share:
TRiboLAND

09 – 24 – 2024

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon vizit enspektè minisipal yo efektye nan zòn site Siyon madi 24 septanm 2024 la, yo konstate endividi ki rele Ramo ta vann yon teren lameri Senlwidinò te dispoze pou konstriksyon yon òfelina, yon lopital, yon legliz, ak yon lekòl pwofesyonèl pou komin lan.

Pou n raple w, sa gen 4 lane depi meri a te dedomaje Ramo 55 mil dola ayisyen pou travay li. San reflechi, menm Ramo sa, te tounen vann moun tout teren an, kote anpil sitwayen mal achte deja konstwi kay yo.

Enspektè yo mande tout moun ki te achte tè leta nan men Ramo pou pase nan lameri demen mèkredi 25 septanm 2024 la.

Share:

6 comments

  1. Franklyn Eichner 28 January, 2025 at 02:01 Reply

    Wonderful blog! I found it while searching on Yahoo News. Do you have any suggestions on how to get listed in Yahoo News? I’ve been trying for a while but I never seem to get there! Appreciate it

Leave a reply