Sitwayen ayisyen ki bare lòt bò dlo pa bezwen pèmisyon gouvènman an pou antre lakay

349

Pòtopwens___(TRiboLAND) Depi ou genyen yon rezèvasyon pou w vwayaje, ou pa bezwen avan oken egzijans ou otorizasyon gouvènman ayisyen pou anbake ou pran yon vòl avyon pou peyi Dayiti. Tout sitwayen ayisyen dwe senpleman respekte konsiyn ki anplas yo dapwè egzijans otorite sanitè peyi Dayiti yo, OMS, ak OPS. Anplis, paspò pasajè yo ap nan men sèvis imigrasyon nan moman karantènn an (15 jou), dapwè yon korespondans ke Pwemye Minis Joseph Jouthe voye yè vandredi 19 jwen an bay Minis Travay Piblik yo, Transpòtasyon e Kominikasyon, Nader Joiséus.

Konsa, tout sa se dispozitif ke gouvènman an pran pou reponn ak egzijans pandemi a e fasilite egalman sitwayen ayisyen ki antòtye lòt bò dlo retounen lakay lib e libè.

Comments are closed.