Ansyen majistra enrimè meri Tigwav la, mande PM lan ak tout direktè jeneral lapolis la pou debloke wout Nasyonal yo.

05 – 05 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ansyen ajan egzekitif enterimè meri Tigwav la, mèt Ottelite Lindor, nan yon entèvansyon li fè nan mikwo lapwès jodi madi 05 me 2026 lan, mande wo kòmandman polis Nasyonal Dayiti a, Vladimir Paraison pou fè tout sa ki nan pouvwa li pou debloke wout yo bandi ame bloke depi anviwon 5 lane andan peyi a.
Ansyen majistra enterimè a, mèt Lindor ankouraje direktè jeneral lapolis la, Vladimir Paraison pou akonpaye popilasyon an, pou debloke wout yo epi elimine pòs peyaj yo. Li repwoche lapolis li di, chak fwa pèp la ap manifeste pou revandike dwa li, yo simen gaz lakrimogèn ak bal sou yo.
Nan sans sa a, ansyen ajan egzekitif enterimè meri Tigwav la, fè konnen se paske gouvènman Alix Didier Fils Aimé ak kò lapolis la pa genyen volonte pou debloke wout yo. Daprè li, si gouvènman aktyèl la ak lapolis te genyen bonjan volonte pou debloke wout yo, 15 jou sèlman tap sifi pou yo dezenfekte peyi a






