MAJISTRA YO AN KOLÈ: MERI NAN PEYI DAYITI MENASE FÈMEN PÒT YO AKÒZ 24 MWA DÈT LETA

03/25/2026
Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès ki fèt jodi mèkredi 25 mas 2026 la, Prezidan “Fédération Nationale des Maires d’Haïti” (FENAMEH), Denoil Antenor, tire sonnèt alam sou sitiyasyon kritik meri yo ap travèse nan peyi Haïti. Dapre li, anpil kolektivite teritoryal pa gen kapasite pou yo fonksyone nòmalman ankò, sitou akoz reta peman ki rive jiska 24 mwa ke leta santral dwe yo. Sitiyasyon sa a mete anplwaye meri yo nan gwo difikilte, paske gen anpil ladan yo ki pa touche salè depi plizyè mwa.
Majistra a pa kache enkyetid li sou konsekans kriz sa a genyen sou fonksyònman sèvis piblik lokal yo. Li fè konnen san mwayen finansye, meri yo pa ka bay sèvis esansyèl tankou jesyon fatra, antretyen wout, ak lòt sèvis kominotè. Nan sans sa a, Denoil Antenor lanse yon apèl prese bay Ministère de l’Intérieur et des Collectivités Territoriales ansanm ak Ministère de l’Économie et des Finances pou yo debloke lajan alokasyon yo san pèdi tan.
Plis pase yon senp demand finansye, prezidan Fédération Nationale des Maires d’Haïti la plede pou yon refòm pwofon nan fason kolektivite teritoryal yo jere ak sipòte nan peyi a. Li mete aksan sou nesesite pou leta envesti nan pwojè devlopman dirab nan komin yo, pou pèmèt popilasyon an jwenn aksè ak sèvis de baz ak enfrastrikti modèn. Dapre li, se sèl fason pou sitwayen yo santi yo byen lakay yo epi redwi migrasyon entèn ak ekstèn.
Pou fini, Denoil Antenor avèti si pa gen mezi rapid ki pran, gen risk pou plizyè meri paralize nèt, sa ki ta ka agrave sitiyasyon sosyal ak ekonomik peyi a. Li mande otorite santral yo pou yo pran responsablite yo, paske kolektivite teritoryal yo se poto mitan devlopman lokal ak bon jan gouvènans nan peyi Dayiti.






