Pastè Gregory Toussaint mache yon lòt pyon ankò ki bay zòt anpil lawouli

1,254

07-16-2023

Nan yon entèvansyon ke li fè samdi swa ki te 15 jiyè 2023 a, lidè Église Tabernacle de Gloire, pastè Gregory Toussaint, konfime ke ministè Shekinah ke l’ap dirije a, konfime acha “Ciné Capitol” ak tout non li; e li pap pran lontan pou repare e re-ouvwi.

Konsa, lidè espirityèl la ki apènn sot tranble monn lan dimanch pase nan yo gro sòlòkòtò Mach “Souf pou Ayiti”, vle fè kwè ke akizisyon “Ciné Capitol”, pral fasilite fanmiy yo viv yon seri pwojeksyon e lajenès ap kapab benefisye yon espas pou fè konsè e latriye; konsa, se yon estrikti ki pral favorize bonjan distraksyon sosyàl.

Akote sa, Toussaint ale pi lwen pou li anonse egalman enplemantasyon yon lekòl Teknoloji ki, pi devan pral transfòme an yon veritab inivèsite.

Nap raple, pastè Gregory Toussaint, se youn nan moun ke anpil raketè politichyen ak richyen ayisyen ou demolisè kòwonpi pa vle wè jounen jodia, paske li vle fè kichoy pou lakay li antan ke sitwayen ayisyen. Yo lage yon vas kanpay denigreman sou do li, atravè rezo sosyàl yo, yon detraksyon ki difisil pou moun valè, lè ou konnen nan ki eta politichyen demolisè ayisyen redwi pwòp peyi yo e trete sitwayen lakay yo.

Comments are closed.