Senlwidinò: Polis minisipal yo mete anba kòd yon prezime gang ki toujou fouye chofè motosiklèt.

851

03 – 09 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Polis minisipal yo nan komin Senlwidinò, mete anba kòd Kendy Similien, yon prezime gang ki gen abitid fouye chofè motosiklèt tout kote l pase nan poze aksyon dechèpiye moun.

Jodi a malchans pou Similyen, chofè moto li pran an te gen de je’l klere. Li twonpe vijilans misye ak klamè piblik ak plizye chofè motosiklèt ki te viktim deja anba men Similyen denonse msye kòm moun ki te toujou poze move aksyon sou yo.

Pou koulye a, Similien Kendy ap reflechi nan komisarya Senlwidinò a, pou yon katafal zak malfekt`e key o repwoche’l.

Comments are closed.