Yon group protestatè bwile yon ti avyon sou pis Ayewopò Jakmèl la

2,816

03/29/2022

Jakmèl______(TRiboLAND) Protestasyon ki makònnen nan bwile yon avyon nan Okay nan okazyon jounen mobilizasyon kont ensekirite gouvènman gang Ariel Henry a, se menm kàd figi pou Jakmèl jodi madi 29 mas 2022 a.

Plizyè milye moun ki te pran lari a jodi madi a nan Jakmèl, tap pwoteste kont klima ensekirite a kap vale teren nan antre sid kapital la, patikilyèman nan Matisan, te anvayi ayewopò Jakmèl la nan moman yo tap lanse yon seri gro mo santikri kont yon seri antreprenè ou konpayi avyon eskanmòtè ke yo tap akize ki dèyè mouvman ensekirite a. Konsa, anba kolè ak raj, protestatè yo arive mete dife nan yon ti avyon ki te trouve li sou pis aterisaj la.

Sepandan, selon protestatè yo, yo apèn kòmanse ak yon seri mobilizasyon yon fason pou kontinye egzije gouvènman gang PHTK Ariel Henry a, dezenfekte antre sid kapital la.

Comments are closed.