Grandans : Ministè afè sosyal ak travay direksyon depatmantal fe yon evalyasyon pwojè pwoteksyon sosyal rezilyans akri a, atravè yon atelye diseminasyon

03- 04- 2026
Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Ministè afè sosyal ak travay via direksyon depatmantal Grandans lan, realize yon atelye diseminasyon, rezilta, evalyasyon, ak enpak mezi akonpayeman nan kad pwojè pwoteksyon sosyal pou yon rezilyans akri .
Divès manm kolektivite teritoryal ki te sòti nan katòz komin depatman Grandans lant e prezan; reprezantan bank mondyal lan madam Aïlo Manigat ak tout Georges Dias pou pwogram alimantè mondyal ak reprezantan divès lòt estrikti oganize nan sosyete sivil Grandans lan, te reyini nan Jeremi lokal TAk4 Kds lan, nan kad evalyasyon enpak pwogram lan sou benefisyè yo.
Pwogram pwoteksyon sosyal rezilyans akri ak inite jesyon pwojè ministè afè sosyal (UGP), ap jere apati yon finansman bank mondyal, pou yon montan swasant kenz mil dola ameriken, ki vize plizyè santènn benefisyè, fanmi ki pi vilnerab nan Grandans ak Sid peyi Dayiti.






