Direksyon depatmantal sanitè Grandans, òganize jounen madi 30 janvye 2024 lan, Foròm depatmantal sou ameilyorasyon kalite swen sou Sida.

947

01 – 30 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Direksyon depatmantal ministè sante piblik Grandans lan, sou direktif direktè depatmantal lan, doktè Angello Duvelson, òganize Foròm depatmantal sou kalite swen pou moun kap viv ak jèm sida nan san yo.

Forum sila, ki dewoule jounen madi 30 janvye 2024 lan, nan Bòd Otèl Nounie Guest House, ak prezans diferan patnè tenik, finasye, tankou vi CDC, PEPFAR, KORE SANTE, kap sipote senkantwa enstitisyon sanitè atravè katòz komin depatman Grandans lan.

Direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Angello Duvelson, menm jan ak kòdonatris pwogram Sida a, mis Bibianne Sanon, ansanm responsab sante yo, bay garanti ke yo pwal travay pou ranfòse sèvis prizanchaj pasyan yo nan tout nivo sosyal.

Konsa, sa pwal fasilite depatman an konsève plas li kòm depatman jeografik peyi a genyen.

Comments are closed.