Plizyè dizènn peyizan nan Fon Rouj Dayè ak yon Kodonatè Kazèk, denonse responsab PAM ak ONG – SIKSÈ kap mal jere pwogram imanitè yo.

08 – 31 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Yo te plizyè dizènn peyizan, melanje ak moun ki kouri kite Pòtoprens pou vinn pwan refij yo nan Jeremi akòz vyolans gang, denonse responsab pwogram alimantè mondyal yo ak responsab òganizasyon non gouvènmantal (SIKSÈ) ki pwan non yo kòm moun ki nan nesesite e ki ba yo oken lasibab satisfaksyon.
Nan sans sa, pwotestatè yo denonse absans 32, 000 goud ak yon kit alimantè ke yo te dwe resevwa nan fè fas kare ak grangou ak lòt mizèrere lavi a. Pou anpil nan moun sa yo ak Kodonatè Kazèk Dejean Gabriel, responsab enstitisyon sa yo ki se pwogram alimantè mondyal (PAM) ak SIKSÈ), pa respekte pwomès yo anvè benefisyè yo nan 8tyèm seksyon, e yo egzije pou genyen yon ankèt serye ki louvri pou konen kòman ajans sa yo, ki genyen responsabilite pou distribiye èd imanitè yo tonbe nan fè magouy ak jwèt pike kole aksyon imanitè yo.
Daprè temwayaj viktim yo nan 8tyèm seksyon kominal Jeremi, Fon Rouj Dayè, responsab pwogram alimantè mondyal yo ak responsab SIKSÈ yo, fè menm dezòd lan nan lòt seksyon yo atravè divès komin depatman Grandans lan. Yo arrive fè li sou pretèks ke bank lan pa antann jere lajan pwogram imanitè sa a nan mwa septanm 2026 kap vini la a. Pou anpil moun, se yon fason pou fè chimen kwochi ak lajan èd imanitè pou moun ki nan plis bezwen yo nan Jeremi-Grandans.






