Travay enfrastrikti woutyè yo reprann sou wout Mòn Trennen nan Karis

1,083

01-28-2023

Karis, Ayiti ____(TRiboLAND) Ouvèti wout Mòn Trennen an, reprann jounen vandredi 27 janvye 2023 a, yon fason pou kapab fasilite kominikasyon ant Sèkakavajal ak Wanament.

Majistra komin Karis la, Amid Gabriel ki tap pale nan mikwo Louca One TV, fè konnen se yon travay moun Karis mete tèt ansanm pou yo kapab fè nan tèt kole avèk pè Drino e ki jwenn sipò biwo depatmantal travo piblik la nan depatman Nòdès la.

Se yon projè ki pral kontinye, yon fason pou ouvri plizyè wout nan komin nan; soti nan Mòn Trennen ki pral pran direksyon wout Karis pou rive Lawoz Bonit e pase sou wout ki ale Ganize a, daprè majistra komin Karis la. Deja gen 300 galon gaz ki disponib nan ponp nasyonal Wanament pou kapab kontinye travay la, selon deklarasyon majistra Gabriel ki tap depoze.

Majistra voye yon mesaj bay tout pitit Karis ki ta vle kontribye nan dezanklave komin nan kap soufri.
Nap raple se yon projè devyasyon ki te inisye depi sou gouvènman Jovenel Moïse lan ki poko janm ateri.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.