Pitye pou popilasyon an nan komin Mafran ki viktim de tout sòt katastròf natirèl ak vyolasyon dwa yo kom sitwayen.

939

06-15-2023

Mafran, Ayiti____(TRiboLAND) Michel Alfredo se yon viktim dènye tranblemantè a nan komin Mafran, ki denonse responsab travo piblik yo nan Grandans ki pa konn pèp pap nan mache pran kòb nan men moun pou fè dyob ak materyèl travo piblik yo nan 4 kwen depatman an.

Michel Alfredo kap viv nan.mitan mache piblik Mafran an, fè konnen se anba yon vye kay ki reprezante gro malè pandye pou machann yo nan mache piblik Mafran an, daprè mesye Michel Alfredo ki lonje dwat jouda sou responsab travo piblik yo ki ta sanble gro pwofesyonèl gogatè.

Alfredo ale pi lwen, pou li mande annafè ki pran materyèl pèp la kòm byen manman ak papa yo, mande pou yo bay kob pou debleye kay kraze yo, ki se yon danje pou moun kap frekante zòn lan, sitou machann yo.

Selon Michel Alfredo, popilasyon an nan komin Mafran ap chofe jarèt pou yon mobilize ansanm pou sezi kle materyèl TPTC yo ki deja nan zòn lan pou fè dyob prive pou fòse yo bay popilasyon an sèvis, yon krim anpil ansyen gouvènman sangwen ayisyen ap pwatike atravè peyi.

Comments are closed.