Politichyen initil, kòwonpi ou san pidè nan Nòdwès, kontinye ap tante sedwi yon lòt fwa ankò anpil sitwayen bèbè pale nan depatman an

194
0
Share:
TRiboLAND

Jimmy Elinor

Lè yon moun ap fè radyoskopi naratif sosyo-politik la nan Nòdwès peyi Dayiti, wap kapab arive wè san linèt nan ki eta yon group politichyen kanni ak krizokal, ki pa menm genyen kapasite pou dirije yon katye, vle kontinye enpoze yo kòm sèl choukèt lawouze nan yon depatman ki alagoni depi aprè tonbe rejim Divalye a.

Nan sans sa me refleksyon yon sitwayen angaje fè, nan kad yon konsta sou defile yon seri politichyen sansal mete Nòdwès; malgre tou, yon fwaksyon mal edike kontinye kwè nan Tonton Nwèl anpil ansyen abolotcho senatè ak depite ki ta sanble, malgre yon katafal manda, pa arive ateri nan Nòdwès.
Se sèl nan depatman Nòdwès peyia, moun vote malandren sansi ki genyen kapasite pou pwomote mizè ak eksplwòtasyon mas defavorize yo, oprofi yon seri richès ilisit ak byen sanswe.

Se sèl nan Nòdwès pou devan pòt tounen dèyè kay, kote se voryen ak kòriptè ou ensinifyan, ap voye popilasyon a al pran medsinn sou kont pentad mawon.
Se nan sèl depatman Nòdwès, wap jwen otorite ki benefisye yon pouvwa piblik, santi li konfòtab pou popilasyon li ap naje nan fatra, labou santi, alòs yo enplike nan pran ak fè lajan ilegal ak pouvwa ke popilasyon an konfye yo.

Se sèl nan Nòdwès peyia, sipòtè tèt pa dwàt ap kontinye aklame ak bay kòriptè benediksyon ki sou lis entènasyonal la kòm demolisè peyi Dayiti.

Se sèl nan yon depatman ki genyen sèlman 10% enfwastriti, pou jwen jous jounen jodia, ansyen senatè pa janm ranbouse yon seri malere ki te depanse nan kanpay yo nan bay manje popilè, pa janm rekipere tout sa yo te depanse pou aloufa abolotcho sila yo ki te fè gwo fòtinn nan souse enstitisyon Leta yo.

Se sèl nan depatman Nòdwès, senatè eskanmòtè ki sal yon seri bwàt diplomatik ak fanm limenna, kapab oze vinn pran piyay kòm evantyèl kandida senatè kòriptè e demolisè nan kad pwochèn eleksyon nan Nòdwès.

Se sèl Nòdwès ki bay plis angouman pou rekondwi kokorat nan pòs eleksyon, malgre enòmite enkonpetans yo ak konfòtabilite yo nan pwomote povrete, fatra, kòripsyon e reprezantasyon sistèm peze souse ki fini ak peyia.

Se sèl nan Nòdwès senatè enplike nan kase sakèt Leta nan nivo nasyonal, e transfere gro magogo ou byen yo posede sou non frè yo; men kontinye vle reparèt nan eleksyon ak odas je chèch.

Se sèl Nòdwès ou jwenn san sal ki arive ap vann vot nan paleman pou myèt, akapare depi anlè yon seri pwovizyon pou koz kolektivite yo, pandan ke yo vle fè konprann developman komin yo pa nan atribisyon yo.

Se sèl nan Nòdwès ki bay sangwen sansal ki pran pòz yo ap batay pou pèp pandan plis pase yon katafal manda, ki pa pwodwi oken lòt bagay sinon ke: grangou, agoni, povrete, idyosi, enkonpetans, salte, zizani, debwazman, pwostisyon ak danse rara ou pwogram tisourit e atèplat.

Anpil nan senatè, depite nan nivo diferan depatman anndan peyi a, pa tèlman katolik. Anpil nan yo enplike nan kòripsyon ak zak kriminèl pou arive fè fòtinn. Sepandan, se vre anpil nan yo bay kè plen nan fason yo reprezante lakay yo; malgre tout sa, yo fè prèv yon ti kal konsyans nan pote kèk ti “makiyaj amelyorasyon” ou ti gout “fo sanblan satisfaksyon” anndan lakay yo. Sa yo, yo yon ti jan genyen pidè ou wont. MEN, kanta pou sangwen ki benefisye konfyans popilasyon Nòdwès la pandan 30 dènye ane sa yo; yo reyèlman endinyan e bay kè plen parapò fason moun ap gade nan ki kondisyen moun ap viv nan Nòdwès!

Se yon seri kriminèl ki an pwovens, men ki fè pati sistèm nan! Yo antann yo pou yo akapare tout tima ki ta antre pou apeze lavi sosyal ak ekonomik moun nan depatman Kapwà Lamò a. Nou di, madichon “Je crois en Dieu” pou koulè malfektè sa yo ki se kriminèl an libète pwovizwa; politichyen san rasazye ou sadik ki ta dwe jije sou plas piblik pou yon latriye kòt maltaye.

Si reyèlman te genyen jistis ak volonte pou eradika kòripsyon nan nivo politik avan peryòd yon evantyèl eleksyon, kolònn sangwen initil enkonpetan ak anbarase lasal sa yo, pa ta menm oze ap mache sou moun, ale wè pou reve panse pran wout eleksyon.

Nòdwès ta sanble bay anpil sitwayen ki prefere kouri dèyè fo lèdè kap pwomote mizè, ki plis wè enfwastrikti medikal nan nivo pansman ke klinik; lanp tèt gridap ke izinn elektrik; plat manje cho ke developman pwodisyon agrikòl; rara malongo ke ekòl mizik; transpòtasyon bourik ke ke ayewopò ou sèvis ferovyè; e wout tè bati ke highway.

Anfen, yon sitwayen ki swadizan dote tèt li yon nivo savoir ekilibre ke li pran sou ban lekòl pandan plizyè ane akademik, malgre tou pa arive detekte yon enpostè kap woule li nan farinn aprè plizyè manda elektoral, se yon danje sosyàl ki merite eradike; sinon enpak avègleman li kapab okazyone efondreman total yon sosyete.

Li pa kapab pran yon etènite ou plizyè manda elektoral pou yon moun ki lusid ou ki genyen yon kapasite panse kritik pou idantifye yon raketè ou politichyen krizokal ki pa reprezante lòt bagay sinon ke desepsyon ak wont nasyonal.

Jimmy Elinor, Sitwayen Vil Pòdpe

Share:

Leave a reply