Grangozye (Sidès) anba enkyetid : yon sèl polisye pou tout komin nan, sitwayen yo lanse yon SOS

144
0
Share:
TRiboLAND

02/24/2026

Grangozye, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan komin Grangozye, ki chita nan depatman Sidès peyi a, kesyon sekirite a pran yon lòt dimansyon ki fè anpil sitwayen monte sou pye yo. Dapre plizyè notab nan zòn nan, malgre arive anviwon 150 polisye ki soti nan 35e pwomosyon an nan depatman an, Komisarya Grangozye a kontinye ap fonksyone ak yon sèl polisye sèlman.

Sitiyasyon sa a kreye gwo enkyetid nan mitan popilasyon an, ki te gen espwa nouvo efektif sa yo t ap pèmèt Direksyon depatmantal la ranfòse prezans lapolis nan diferan komin, espesyalman nan Grangozye kote bezwen an ijan.

Plizyè sitwayen fè konnen yon sèl ajan pa ka garanti sekirite yon komin antye. Yo souliye absans patwouy regilye ak difikilte pou reponn rapidman an ka ijans kòm kèk nan gwo feblès ki egziste kounye a.

Nan sans sa a, yo lanse yon apèl piblik bay direktris depatmantal Magalie Belneau, pou li konsidere sitiyasyon an ak tout gravite li merite. Dapre yo, ranfòsman Komisarya Grangozye a se pa yon kesyon liks, men yon nesesite pou retabli konfyans popilasyon an nanfòs lòd yo.

Pou anpil rezidan, prezans plizyè polisye sou teren an ta kapab jwe yon wòl kle nan prevansyon zak malonèt, bay plis sans sekirite, epi ankouraje yon pi bon kolaborasyon ant lapolis ak kominote a. Grangozye ap tann aksyon konkrè!

Share:

Leave a reply