Gwo Lapli Lage Pòdpe Anba Dlo : Plizyè Katye Koupe, Risk Inondasyon Pandan Semèn nan

335
0
Share:
TRiboLAND

02/24/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Depi anviwon 4è nan maten, jodi madi 24 fevriye 2026 la, gwo lapli ap tonbe sou vil Pòdpe, sa ki deja rann plizyè ri vin enpratikab. Plizyè zòn twouve yo nan yon sitiyasyon kritik, pami yo Wonpren, Chan Avyasyon, Ri Dikè nan Zakari, Site Maxo pou n site sa yo sèlman.

Nan kèk nan katye sa yo, dlo anvayi lari yo pandan ravin ap taye banda. Gen kote sitiyasyon an tèlman grav, moun pa ka travèse san yo pa ta sèvi ak kannòt akoz nivo dlo a ki monte byen wo. Sikilasyon an prèske paralize nan plizyè seksyon nan vil la.

Daprè previzyon meteyowolojik yo, move tan sa a pa sanble prè pou kanpe. Depi jodi madi rive nan fen semèn nan, gen lòt aktivite lapli ak gwo van ki kapab frape plizyè depatman nan peyi a, akoz pasaj yon sistèm meteyowolojik nan rejyon an. Depatman Nòdwès la site pami zòn ki pi ekspoze ak risk inondasyon.

Otorite yo ak sèvis pwoteksyon sivil yo dwe rete sou gad yo pandan popilasyon an envite pou pran tout mezi prekosyon nesesè. Moun ki abite nan zòn ki konn inonde yo dwe rete vijilan, evite travèse dlo k ap koule, epi chèche abri si sitiyasyon an vin pi grav.

Paske jan pwovèb la di l: prekosyon pa kapon, se mèt kò ki veye kò.

Share:

Leave a reply