Ministè Afè Sosyàl: PMSAN 11e FED: pwogràm sekirite alimantè pou akonpanye kouch defavorize yo nan Nòdwès

577

Pòdpè____(TRiboLAND) Aprè pwogràm “Kore Lavi”, Ministè Afè Sosyal tou pwofite mete kanpe “PMSAN 11e FED”, yon Pwogràm Milti Sektoryèl Alimantè Nitrisyonèl. Pwogràm sa a gen pou li layite sou 2 depatman jewografik peyi dayiti: Nòdwès ak Latibonit. Se yon inisyativ k’ap dire 4 lane e ap finanse anba lobedyans Inyon Ewopeyènn (UE/IE) pou yon montan 46 milyon €.


Direktè depatmantal Afè Sosyal branch Nòdwès la, Msye Bénédict Calixte, ki t’ap prezante pwogràm nan, deklare se yon plan dijans ki pou kore sekirite alimantè ki vize chanje lavi moun ki pi pòv yo, pi vilnerab, ak timoun kap pran gagann anba malnitrisyon. Inisyativ sa a ki gen pou kouvri 10 komenn nan depatman Nòdwès la, dapwè #1 Direksyon Depatmantal Afè Sosyal Nòdwès la. Konsa, li deja ap fè chemen l nan 3 komenn tankou: Pòdepè, Basenble ak Jan Rabèl.

Kantite moun ki deja benefisye pwogram nan nan twa komenn nou sot site la yo, deja estime a yon milye. Chak mwa yo gen pou yo resevwa yon koupon alimantè ki gen ladan l 4,500 goud. Konsa, ak tchotcho sa a, benefisyè yo kapab achte sèlman bagay ki fèt nan peyi a. Se youn pami kèk lòt objektif pou fè pwomosyon pou pwodiksyon nasyonal la e se yon egzijans!

Benefisyè sa yo gen nan men yo tou, yon lòt koupon pou yo kapab achte: vyann, legim, pwason, bannann pou n site sa yo sèlman, yon fason pou bay pwodwi lokal yo plis jarèt.

Konsa, responsab operasyonèl yo nan Nòdwès konmanse ap miltipliye efò pou arive touche tout 10 komenn depatman Nòdwès la avan lontan, yon fason pou malere, malerèz yo kapab rive rale yon souf, dapwè direktè depatmantal Afè Sosyal Nòdwès la, Msye Bénédict Calixte.

Saint Jean wiskis TRiboLAND
3600 1195 / 4204 25 61

Comments are closed.