Travay Reyabilitasyon Batiman Minisipal la nan Senlwidinò

213
0
Share:
TRiboLAND

02/22/2026

Senlwidinò, Ayiti______(TRiboLAND) Meri Senlwidinò a ap fè bwa pou chanje eskanp estrikti batiman ki loje Meri a. Konsa, otorite yo antame yon gwo chantye pou reyabilite batiman minisipal la.

Selon majistra Gaston Estima ki tap depoze bay lapwès; travay sila ap reyalize avèk ti mwayen chich ke yo genyen; kidonk, li fè konnen tout frè alokasyon ki dezinye pou meri yo nan depatman an, bloke nan direksyon depatmantal la.

Majistra Gaston Estima mande popilasyon an peye taks pou gen plis travay ki fèt nan nivo komin nan. Konsa, li fè konnen gen 36 mwa anplwaye pa touche; yon sitiyasyon ki koz pa gen plis travay ki reyalize nan komin lap dirije a.

Share:

Leave a reply