Ajan Egzekitif Enterimè Meri Leyogann nan, define ak lapolis, yon plan sekirite nan sezon aktivite Rara yo.

1,133

04-05-2023

Leyogan, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ak la près jounen mèkredi 05 avril 2023 a, ajan ekzekitif enterimè meri Leyogan nan, Henry Erson chita pale ak otorite lapolis ak lajistis nan komin nan, kote yo rive adopte yon nouvo plan sekirite yon fason pou sekirize chak grenn etranje ak manm popilasyon an kap vin patisipe nan gwo festivite Rara nan okazyon fèt paskal la.

Ajan ekzekitif enterimè Site Anakawona a, Henry Erson deklare, malgre tout efò ki fèt pou asire sekirite banbochè ak banbochèz yo kap vin pran plezi nan grand manifestasyon kiltirèl sila, sepandan yo riske pase li nan yon fènwa san parèy.

Nan sans sa a, majistra enterimè a, ankouraje chèf gouvènmen defakto a, Ariel Henry pou fasilite yo jwen kouran pou eklere je ansanm popilasyon an kap vin yaya kò yo, ki daprè li pou sa Leyogan reprezante nan zafè Rara nan peyi Dayiti, yo pa kapab òganize fèstivite a nan fènwa, lè li konnen fènwa atire anpil ensekirite.

Yon lòt kote, ajan ekzekitif enterimè meri Leyogan nan, mande mouche leta pou mete lajan ki rezonab nan bidjè peyi a, nan lide pou satisfè plis pase 36 bann Rara kap defile nan komin Leyogan, pandan’l presize chak Rara yo genyen pwòp bidjè anyèl pa yo pou chak sezon.

Nap siyale, majistra Erson Henry deklare, meri a depoze yon bidjè nan ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal ki evalye a 60 milyon goud, sa pa anpeche leta bayo 7 milyon ki pap kapab satisfè plis 36 bann Rara kap defile, aprè depans preparatif yo.

JOICY Arnold.

Comments are closed.