Bandi achte Ba Nòwès lajan kontan: kidnapping, vyòl ak kase ponyèt sitwayen yo pa sispan vale teren

02/22/2026
Wo Moustik, Ayiti______(TRiboLAND) Nan lokalite Boukan Kache, tou prè Byari pou al antre sou gwo terasman pou antre nan komin Basen Ble, bandi sangwen pa sispan simen laterè ak konstènasyon chak jou ki jou. Rezidan yo ki soti Wo Moustik pou antre nan komin Basen Ble ap moute yon ma swife chak fwa yo ap travèse lokalite Boukan Kache.
Absans leta, okazyone bandi gran chemen ransone, dechèpiye, vyole ak maltrete rezidan yo, chak fwa yo pra’l vake ak okipasyon yo. Youn nan ka ki pi resan, se aksyon yon seri jènn gason poze nan peryòd Sen Valanten an. Konsa, yo kache byen bonè maten anba forè Boukan Kache, kote ke yo maltrete yon malere anba baton, pran tout sa ke li te genye sou li, e vyole li san oken fòm pwosè. Sous kredib yo ta menm fè konnen ke se kouri ke yo te oblije kouri avèk li lopital, tèlman li te nan yon move kondisyon aprè yon demi douzèn bandi sangwen pase sou li.
Sa moun nan aryè peyi a, patikilyèman nan rejyon Wo Moustik ap viv, se yon verib kochma. Se bandi sangwen ki fè lalwa nan rache, egzekite, vyole e menm kidnape anba prezans yon Direksyon depatmantal ki tèt koupe ak yon fantòm e ki pa bay popilasyon riral la regle anyen pou li. Kidonk, avèk pasivite nouvo direktè depatmantal polis la, se dilatwa ak fo mouvman kap fèt. Selil bandi ap miltipliye kon djondjon, zak kriminel yo bay lawouli, e kay ap kase, alòske pwoliferasyon gang nan depatman an ap pran jarèt.
Anfen, rezidan yo pakab bliye volonte ak detèminasyon ansyen direksyon avan an ki te toujou pote sèvis sekirite a bay zòn rekile yo, pran doleyans peyizan yo ak mete sou pye estrikti ak fòmasyon adekwàt pou yo, nan kad sekirite ou proteksyon piblik.
Elas! Avèk nouvo direktè polis sila; Nòdwès pran nan zizirit anba sekirite fo mamit ak krizokal!






