3 timoun mouri nan yon machin ki se pwopriyete Otèl Sousa Beach nan lokalite Bono.

913

03- 09 -2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yo rankontre 3 timoun mouri andedan yon machin ki se pwopriyete plaj Sousa Beach nan lokalite Bono, 5èm seksyon komin Senlwidinò.

Selon paran Nesika, yon elèv kap fè NS2 nan Kolèj Labèjri deklare yo jwenn 3 timoun sa yo mouri anndan yon machin plaj Otèl Sousa Beach kote yo chak kouvri ak yon mouchwa. Konsa, moun yo pa arive idantifye deja boule tout machin ki nan otèl la, alòske lòt mannèv ap miltipliye pou mete dife egalman nan otèl la.

Pami 3 timoun yo gen youn ki gen 5 lane e lòt yo, yo pa rive idantifye laj yo. Yo tap chèche timoun sa yo depi maten, jodi dimanch 10 mas 2024 la jiska vè 5 kè aprè midi a yo te vin dekouvri yo san vi anndan yon machin otèl la ak 3 mouchwa lèsen kouvri yo.

Sousa se yon plaj ki resevwa plis moun nan moman vakans yo jodi a, ki trouve l nan gwo difikilte fas ak akizasyon “Sakrifis”.

Comments are closed.