Biwo kominikasyon pati politik Pitit Desalin remèsye popilasyon an pou reyisit 2 jounen manifestasyon yo.

886

02-10-2024

Senlwidinò, Ayiti__(TRiboLAND) Biwo kominikasyon pati politik Pitit Desalin nan depatman Nòdwès la, remèsye tout sektè ki te patisipe nan 2 jounen manifestasyon kòdinasyon kominal Senlwidinò ak Jan Rabèl te lanse nan dat 2 ak 7 fevriye 2024 la,kite rasanble plizyè dizèn milye sitwayen nan lari pou denonse lavi chè, ensekirite ak demisyon Ariel Henry nan tèt peyi a.

Yon lòt bò, pati a endinye difèt ke se chaje dafè ameriken an, Eric Stromayer kap bay pèp ayisyen an dikte. Yo mande tout patriyòt konsakan fè yon fon komen pou libere Ayiti anba grif KÒ GWOUP la kap menen peyi a nan move wout.

Yo mande tout popilasyon an,rete solidè jis kaske yo chavire gouvènman Ariel Henry la, Vle pa vle Ayiti gen poul devlope. Viv yon Ayiti lib ak endepandan!

Comments are closed.