Gouvènman an ta sanble ap bay dèyè’l 2 tap yon fason pou reponn ak revandikasyon polisye yo

320

09\10\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Pou reponn ak revandikasyon polisye yo, Chèf gouvènman an, Joseph Jouthe la konfime yè mèkredi 9 septanm lan ke lansman travay ou konstriksyon lojman sosyàl pou polisye yo demare.

Pou Mesye Jouthe, “se ijans nan ijans”. Pami ijans yo ou jwenn aryre salè, prim pou grad ak rekonesans sendika pou proteje dwa ak enterè polisye yo. Li anonse egalman ke administrasyon polis nasyonal la, sèvis jeneral ak enspeksyon yo odite e bat gwo bravo pou travay Direktè annatandan an, Normil Rameau ap antrepran nan bwàt sa.

“Travay yo ap vanse yon fason pou reponn ak revandikasyon polisye yo; mwen mande yon ti pasyans”, daprè PM Joseph Jouthe ki t’ap depoze. Li tou profite envite klas politik la pou pran chemen dyalòg yon fason pou retire peyi a nan eta maras san parèy.

Comments are closed.