Solidarite Fanm Ayisyènn fete karant lane ekzistans li nan Grandans.

02 – 22 – 2026
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Jounen 22 fevrye 2026 lan, make kanrant lane depi Solidarite Fanm Ayisyènn (SOFA) ekziste. Konsa, an okazyon sila, delege depatmantal Grandans, madam Françoise Innocent nan tèt kole avèk lòt kolèg asosyasyon fanm atravè depatman an, realize yon latriye aktivite pou make gran jou sa a. Pou delege Innocent, se yon jounen espesyonèl nan lavi fanm yo nan Grandans.
Aktivite yo ki te dewoule nan lokal alyans fransèz Jeremi an, te akse sou pwobèmatik fanm yo nan Grandans parapò ak zak vyolans ke y’ap sibi sou tout fòm. Se te egalman yon okazyon tou pou gade ki sa ki pozitif nan aksyon SOFA ou nan lavi chak jou medam yo, patikilyèman ede yo devlope ti antrepriz komèsyal ki lye ak pwodiksyon nasyonal, sou fòm rezilyans nan fanmi yo.






