Bagay la mangonmen sou twonson wout ki relyePòdpè ak Jan-Rabèl la

578

Pòdpè, Lasalenn___(TRiboLAND) Se avèk anpil konstènasyon moun kapab konstate eta twonson wout ki relye Pòdpè ak Janrabèl e Mòlsennikola, nan lokalite Lasalenn.

“Fatra ke yo depoze nan Lasalenn pa sispann kanpe an kwa sou sa ki rele wout la nan Ba Nòwès,” ajoute ak dividal lapli kap tonbe nan jou sa yo, se yon viritab galimatcha ki pa sanble kote kretyen viva nap viv. Abitan nan zònn nan fenn anraje nan jou sa yo. Pou yo menm, se pil fatra responsab Mèri yo lage nan zònn nan kab degaje move zodè ki riske ajoute yon lòt epidemi pou abitan nan zònn Ba Nòwès.

Emmanuel Bazile yon sitwayen nan zònn nan pat mete dlo nan bouch li ditou pou li kritike move konpòtman ansyen lokatè Mèri Pòdpè a “Josué Alusma ” ki li menm pa montre respè pou pèsònn nan zònn nan, e se sa ki ta lakòz se la yo pran kòm depotwa fatra ki fèt san pwosedi ekolojik ak amenajman.

Yon lòt bò, divès moun denonse egalman lidè politik depatman Nòdwès yo tankou: Evalière Beauplan, Kedler Augustin ,Louis Onondieu, Martine Moïse, Prezidan repiblik la Jovenel Moise, ki dapwè yo menm pa genyen yon santiman dapatenans pou depatman nòdwès la.

Sitwayen yo mande fòk ta genyen yon “MO” ki di pwese, pwese non sèlman pou yo jwnn yon solisyon ak kesyon fatra a ki pa amenaje e trete men tou pou amelyore sityasyon pasajè kap sòti Pòdpè pou yo ale swa janrabèl oubyen Mòlsennikola.

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.