Tribinal premyè enstans Gonayiv la demare ak seri asiz kriminèl yo, jounen lendi 10 jiyè 2023 a.

769

07-10-2023

Gonayiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan lide pou goumen kont fenomèn detansyon prevantiv prolonje a nan prizon sivil Gonayiv la, komisè gouvènman pakè Gonayiv la, Mèt Guiverna Guillaume, nan tèt kole ak tribinal sivil la, lanse jounen lendi 10 jiyè 2023 a, seyans asiz kriminèl san asistans jiri yo kap gen pou fini nan sèmen k ap vini la a.

Pou kòmanse seyans asiz kriminèl san asistans jiri yo, responsab yo prezante yon tablo 5 ka, k’ap gen pou pase devan tribinal la, pou sèmen sa a.

Pwomèt l’ap debleye prizon sivil la, pou chèf pakè Gonayiv la, Mèt Guiverna Guillaume, objektif li se goumen kont fenomèn detansyon prevantiv prolonje a k’ap taye banda pandan yon bon bout tan nan site Endepandans lan.

Comments are closed.