Polis Chaplen Entènasyonal ap envèstige sou yon kò mafya ki pran lajistis an notaj e responsab yon kilti kòripsyon fonsyè kwonik nan Nòdwès peyi Dayiti.

01/10/2026
Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan tèt kole avèk yon seri enstans nan diaspora ayisyèn nan, avèk patisipasyon yon seri responsab nan ministè lajistis e kolaborasyon Polisye Chaplen Entènasyonal, kòripsyon fonsyè kwonik nan peyi Dayiti, patikilyèman nan rejyon Nòdwès la ki andemik, solisyon pwoblèm malere ki pa kapab batay ak lajistis e ki genyen kay ak tè yon gwoup mafya akapare anba kouvèti lajistis, ta sanble nan wout pou idantifye ak trennen annafè devan menm Jistis ke yo vyole e menm achte lajan kontan, pou fè kapital ou amase richès nan pran sa ki pa pou yo.
Antouka, nan kad endinyasyon ak anachi ou absans jistis anndan depatman Nòdwès peyi a, kote yon jistis vwa dlo kwonik pa sispann taye banda, yon gwo delegasyon polis chaplen entènasyonal, debake an chango, nan depatman Nòdwès la, nan objektif pou antreprann bonjan envèstigasyon sou diferan konpozan ki fòme kò mafya ki genyen (polisye, avoka, jij, komisè gouvènman, batonye, dwayen e latriye) enplikasyon nan vòlè tè sitwayen avèk benediksyon yon seri antite kap lote ou vann jistis avèk anpil dezonètete.
Delegasyon polisye chaplen entènasyonal kap travay nan tèt kole avèk leta ayisyen, deja chaje djakout li ak yon latriye doleyans, revelasyon endis, dokiman ou temwanyàj ki pral pèmèt anpil pouswit legal fèt e fasilite jistisyàb yo jwen yon lòsyè jistis. Majorite envèstigasyon yo ta sanble pwèske efektye nan vil Pòtpè ak plizyè komin nan Ba Nòwès, patikilyèman nan komin Mòl Sen Nikola.
Konsa, apwè pwèske 2 semèn nan depatman Nòdwès peyi a, yo deja fè kap pou depatman Nò, patikilyèman nan dezyèm vil peyi a, Okap Ayisyen. Kidonk, abitan abize yo, ta sanble wè yon ti van espwà fas ak yon aparèy jidisyè ki fini ak sa yo te posede.
“Van vini, van vini, m’ap ba’w bonbon”, selon sa plizyè viktim ta fè konen, apwè kèk seyans entèwogatwà.






