Wòl ak kontribisyon inivèsite nan kesyon devlopman dirab.

836

06-20-2023

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Fas ak dezenteresman nan yon bon pati nan sosyete grandanlèz lan, anvè inik enstitisyon anseyman piblik siperyè ak rechès. Rektè Inivèsite Piblik Grandans lan, doktè Jean Rony Medy pran inityativ nan tèt kole ak Eminans James Meck Charly Bazora, Achevèk Pòtopwens Prima Ayiti e zile karaib, pou òganize konferans deba.

Yon parèy inisyativ, antre nan kad pou arive konvenk e ankouraje sosyete grandanlèz lan, envesti nan UPGA e sèvi ak li kòm yon zouti nan zafè devlopman Grandans lan.

Achevèk legliz anglikann lan, Eminans James Meck Charly Bazora, antanke pitit Grandans, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, pwomèt pou pote sipò li bay rektora Inivèsite Piblik Grandans lan (UPGA) jarèt, nan mezi ke li kapab pou fè inivèsite a ranpli wòl li kòm sa dwa nan kesyon devlopman dirab Ayiti, patikilyèman nan Grandans.



Comments are closed.