Pòdpè : Brigad arete Etienne John Elibert aprè menas kont manman li

257
0
Share:
TRiboLAND

01/15/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Brigad la nan vil Pòdpè mete men sou yon endividi ki idantifye kòm Etienne Jhon Elibert nan lannwit mèkredi 14 pou rive jedi 15 janvye 2026 la, anviwon 2 è di maten.

Daprè enfòmasyon ajan brigad yo bay, Etienne Jhon Elibert te akonpanye yon koulin pandan li t ap deplase nan direksyon lakay manman li. Selon premye eleman ankèt yo, yon gwo altèkasyon te deja egziste ant li menm ak manman li, kote li t ap fè menas grav, pami yo menas pou koupe tèt fanm nan.

Ajan yo rapòte tou ke, anvan entèvansyon fòs lòd yo, Etienne te deja kraze plizyè vit nan kay manman li, sa ki te lakòz panik nan katye a.

Apre arestasyon li, Etienne Jhon Elibert trouve l pou konnya nan gadavi pou l reponn kesyon sou zak yo. Li rete a dispozisyon lajistis, pandan otorite yo ap tann swit legal yo bay dosye a.

Fòs lòd yo pwofite raple popilasyon an enpòtans pou rezoud konfli nan lapè, epi fè konnen yo pap tolere okenn zak vyolans, espesyalman lè sa mete lavi moun an danje.

Share:

Leave a reply