Yon gwo sòlòkòtò bwase lide sou anviwonman ak konkou ribanbèl tout kalite òganize nan Medyatèk Pòdpè a

975

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Apwè plizyè seyans preparasyon, responsab Eveche yo ansanm ak diferan antite ki konpoze sosyete pòdpezyèn nan, arive akeyi e fas kare ak piblik la pou adrese gwo pwoblèm anviwonmantal ki mete lavi tout sitwayen nan Site Kapwa Lamò a andanje.

Anba slogan “Anviwonman nou an ap depafini, an nou pwoteje’l”! Entèvenan yo te tout plim tout plimay. Yo tout te fè yon fwon komen pou yo entèpele konsyans sitwayen yo ki ta sanble inyore malè pandje sila ki la yon bon bout tan nan site. Kòmanse sou Monsenyè Charles Peters Bathelus jous rive sou Agonòm Retone, pat kache gwo kè sere ke yo genyen fas ak konpòtman iresponsab popilasyon an ki ta sanble fèmen je li sou gravite sitiyasyon an.

Malgre pwoblèm asenisman vil Pòdpè se afè chap sitwayen nan vil la, sa pat anpeche, anpil moun pat arive fè deplasman. Konsa, anpil gwo koze ki bay kè sere pale! Alòske, kontantman ak distraksyon konkou poyezi plen grennen tout kalite, ta pral mete kontantman lakay patisipan yo. Plizyè pwim de desène nan kad satisfaksyon tout sa yo ki te byen depoze!

Pou anpil patisipan, yon parèy pwogram pap kapab poze pwoblèm ekoloji ou anviwonman an plis ke sa moun anndan ak deyò peyi tap tande. Se yon bèl kout zo pou staff òganizatè a, ki pete apse ensalibwite ke anpil moun ap eseye bere depi dig dantan. Gen lòt tou, ki deklare ke se pi gwo kado inisyatè yo te kapab ofwi vil Pòdpè ki toujou ap fè fas ak yon nich pwoblèm tankou: ekoloji, anviwonnman, fatra, inondasyon, sikilasyon, karans dlo, debwazman, polisyon tout kalite, anba boul je piti Nòdwès.

Nap raple, yon parèy sòlòkòtò, genyen anpil pou wè avèk espwa Monsenyè Bathelus pou vil la reveye nan konbat fatra depi apwè aparisyon li nan Nòdwès peyi a.

Bon travay! Nou wè kote lòt moun chwazi pa wè! Danje a la, e li make san! Plis sansibilizasyon, konsa ti kal konsyans ap fini pa ranpòte laviktwa sou salte, sitou ak nan okazyon fèt patwonal Imakile Konsepsyon, 6 desanm pwochen.

Comments are closed.