Gwoup sangwen “”400 Mawozo” sezi yon kamyon tank oksijèn ki te destine pou ede malad kovid nan Mibalè

421

06/06/2021

Kwa Dèboukè_____(TRiboLAND) Gwoup sangwen “400 mawozo” pa gen sansibilite menm pou malad kovid-19 yo kap pran lanm nan Mibalè. Konsa, yo sezi jodi dimanch 6 jwen an yon kamyon ki tap transpòte tank oksijèn pou yon seri malad kap fè fas ak gwo pwoblèm respiratwà.

Pandan ke kovid-19 la ap mande najè atravè peyi; otorite sante pa sispan mande popilasyon pou chanje konpòtman ijyèn yo e kontinye klewonnen pwotokòl sanitè yo yon fason pou ranfòseman jès baryè yo.

Apa de yon seri zak kidnapping, kamyon, machin pwive e anbilans se pami yon seri materyèl ke gwoup sangwen “400 mawozo” nan dènye jou sa yo entèsepte nan zòn Kwa Dèboukè. Sa pa gen lontan egalman ke yo kase yon biwo “Mon Cash” nan Kafou Maren e kidnape yon enjenyè italyen.

Comments are closed.