Pòdpè : PNH arete Mackenson Pubien pou zak chantage, asosyasyon malfektè ak presyon telefòn

149
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè : PNH arete Mackenson Pubien pou zak chantage, asosyasyon malfektè ak presyon telefòn

01/16/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan vil Pòdpè prezante yon jèn gason yo te arete nan dat 8 janvye ki sot pase la nan vil Pòdpe. Jèn gason sa idantifye sou non Mackenson Pubien.

Daprè pòt pawòl Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan depatman Nòdwès la, endividi sa a ta fè pati yon asosyasyon malfektè ki lokalize nan komin Senlwi Dinò, ki espesyalize nan rele moun sou telefòn pou fè presyon ak chantage sou yo nan lide pou retire lajan, e yo idantifye yo kòm moun ki fè pati group gang Ti Rach la.

PNH fè konnen yo vin okouran de pratik malonèt sa yo aprè yon sitwayen dyaspora te pote plent bay otorite yo. Selon plenyen an, mesye sa yo t ap rele madanm li ki rete Senlwi Dinò pou fòse fanmi an bay lajan. Nan yon premye moman, aprè plizyè apèl, dyaspora a te voye 300 dola ameriken, men malfektè yo te deklare lajan sa pa kont, yo t ap mande 25 mil dola ameriken.

Nan yon lòt etap, mesye yo te dakò pou vin chèche yon lòt montan 1 500 dola ameriken. Se pandan operasyon sa a, lè Mackenson Pubien te vin chèche lajan an nan vil Pòdpè, Lapolis ki te deja sou tras dosye a entèvni epi arete li.

Daprè plizyè lòt plent ki soti nan komin Senlwi Dinò, lè lapolis idantifye nimewo telefòn ki t ap sèvi pou fè apèl menasan yo, yo remake se menm nimewo yo ki te enplike nan plizyè ka, e yo ta lye dirèkteman ak rezo malfektè sa a.

Nan deklarasyon li bay Lapolis, Mackenson Pubien fè konnen se Almonor Djouvensky ki ta entwodui li nan zak sa yo, e ki ta mande li vin chèche lajan an nan Pòdpè pou li. Pou kounye a, Mackenson Pubien nan gadavi nan komisarya Pòdpè a, li rete a dispozisyon lajistis pou swit legal.

Pòt pawòl PNH Nòdwès la, Lafortune, pwofite lanse yon apèl bay paran yo pou yo veye plis sou aktivite pitit yo, epi li voye yon mesaj sansibilizasyon bay jèn fi ak jèn gason yo pou yo fè plis pridans, yon fason pou evite tonbe nan zak malonèt ki ka detwi avni yo.

Share:

Leave a reply