Pòdpè / Anviwònman, BSAP nan Nòdwès deklare ajan ki fè pati brigad komisè Jeir yo pa respekte prensip legal yo

01/12/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Kowòdinasyon Depatmantal Biwo Siveyans Zòn Pwoteje yo (BSAP) nan Nòdwès, pibliye yon nòt ofisyèl jou samdi 11 janvye 2026 la pou enfòme popilasyon an ansanm ak tout otorite sivil, jidisyè ak administratif yo. Nan nòt sa a, responsab yo fè konnen yo pa rekonèt okenn ajan ki ta konstitye tèt yo an group oswa an ekip, an kolaborasyon ak Komisè Gouvènman an, san otorizasyon alavans ni konsantman fòmèl kowòdinasyon Depatmantal BSAP la.
Daprè nòt la, tout inisyativ, kolaborasyon oswa aksyon ki fèt an deyò kad legal, yerachik ak administratif enstitisyon an etabli kòm iregilye e li pa konfòme ak règleman ki an vigè. Aksyon sa yo, daprè BSAP, angaje responsablite pèsonèl moun ki fè yo. Pou rezon sa, ajan ki pa regilyèman otorize yo pa gen dwa reprezante BSAP, ni pote atribi enstitisyon an, ni poze okenn zak operasyonèl sou non BSAP nan depatman Nòdwès la.
Finalman, Kowòdinasyon Depatmantal BSAP Nòdwès la reyafime angajman li pou respè strik yerachi, disiplin ak lwa ki gouvène fonksyònman enstitisyon an. Li lanse yon apèl bay popilasyon an pou yo rete vijilan fas ak tout aksyon ki fèt abizivman nan non BSAP, epi rapòte nenpòt pratik sispèk bay otorite konpetan yo.
Nòt la fini ak fòmil tradisyonèl la : “Fè pou sèvi e valwa sa ki de dwa.”






