Ajan BSAP yo nan depatman Sant peyi Dayiti bloke twonson wout Nasyonal # 3 a.

827

02-02-24

Mibalè, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan Brigad Sekirite Sifas Pwoteje yo (BSAP) nan komin Mibalè bloke twonson wout Nasyonal # 3 a jounen jedi 01 fevriye 2024 la, nan nivo Fèracheval.

Selon enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, objektif mouvman espontane sila se jis pou egzije depa premye minis defakto Ariel Henry ak tout akolit li yo.

N ap raple ou sa fè depi plizyè sèmen gouvènman defakto Ariel Henry a pa sispann ap leve plim sou do ajan BSAP yo apre plizyè vye desizyon malatchont tèt anba ke li te pran pami yo, revokasyon ansyen direktè jeneral BSAP la, mouche Jeantel Joseph.

Comments are closed.