Yon kay yo estoke gaz boule kankannen nan komin Gran-Gwav.

1,332

02-05-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon kay yo konn estoke gaz boule kankannen nan komin Gran-Gwav jounen dimanch 05 fevriye 2023 a, ozanviwon 2 zè konsa, sou wout nasyonal nimewo # 2 a, nan lokalite ba Tozen.

Selon kèk temwen ki te sou plase ki pat vle bay twòp detay, fè konnen kay la ki boule a, se yon espas yo itilize pou estoke gaz depi divès mwa. Temwen rapouswiv pou di, ke kay la repati an plizyè pati, yon pati yo vann bòlèt, lòt pati a, yo estoke gaz tout kalite pou vann nan mache nwa.

Chofè taksi yo sou bò pa yo, pa manke mo pou repwoche propriyetè ponp yo ak ponpis yo, yo di, ki kontante yo nan pase tirevandè yo galon gaz la a 750 goud pou yo revann li a 1000 goud nan mache nwa, olye yo mete gaz la disponib nan ponp yo pou vann li 570 goud jan leta fikse pri galon an nan ponp yo.

Chofè taksi yo mande komisè gouvènmen pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Pierre Elioth Paul kontinye mennen operasyon chache pwopriyetè ponp ak ponpis yo nan tout kwen nan rejyon gwavyèn nan. Konsa, mare yo kou krab pou yo sispann vann konsomatè yo galon gazolin nan a 750 goud, daprè yo gaz la dwe vann 570 goud jan leta ayisyen fikse pri galon an nan ponp yo.

Nap raple, pa pita ke yè samdi a, lajistis nan konplisite ak lapolis, mare kou krab 2 ponpis raketè yo kenbe kap vann galon gaz la 750 goud nan youn nan ponp Nasyonal yo ki trouve li sou wout nasyonal nimewo # 2 a, zòn estasyon machin nan, nan André Dicette, Tigwav.

JOICY Arnold.

Comments are closed.