Dràm sou zile Latòti : Yon sitwayen jamayiken arive touye 2 sitwayen ayisyen

399
0
Share:
TRiboLAND

Oplèn, Latòti, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi Jamayiken ki abitye foule pye yo sou zile Latòti kontinye, yon lòt fwa ankò ap mete dlo nan zye popilasyon an.
Fwa sa, se nan lokalite Oplèn, kote ke yon sitwayen Jamayiken ki pote non “Nicky” arive krible anba bal 2 sitwayen pèzib, san onè, san ti mouchwa. Nicky ki tap miltipliye ladrès pou chape poul li, ta pral fè fas ak manèv abitan yo ki te anba kòlè endinyasyon fas ak yon parèy dràm ki inesplikab.

Chapit kabwit sot deyò pou antre touye mèt kay, pa yon fenomèn nouvo nan kotidyen moun kap viv sou zile Latòti, nan depatman Nòdwès peyi a. Pou kèk Jamayiken, Ayiti se yon savann ki pap dirije e prezans Leta nan yon seri zòn rekile se pa bagay ke ou kapab menm wè nan dòmi.

Zile a, se yon tèritwà ke swadizan Leta abandoned epi plizyè deseni; sitwayen yo, ki se moun responsab ou sivilize, fè tout sa ke yo kapab pou dirije tèt yo san Leta. Kidonk, ta sanble pa menm genyen yon douzèn polisye kap sekirize tout zile a. Leta absan nan tout konpatiman li; li ta sanble se yon pè zo ki byen moute, yon fason pou fasilite komès zam e dwòg ak etranje nan lokalite a, kote ke plizyè sitwayen deja viktim anba jamayiken ame ki ap teworize popilasyon an.

Antouka, nan moman yo sène “Nicky”, ki pran sant yon pwogram bwa kale, pat ezite itilize yon dènye katouch nan tè li, pou evite pèp souvren fè ladènye sou li; sepandan, firè ak dezolasyon pat anpeche popilasyon an, rache kriminèl an ti miyèt moso e mete dife lakay li.
Li te pran yon bon bout tan pou konsta legal 3 kadav yo te arive egzekite sou yon moso tè etranje achte lajan kontan.

Share:

Leave a reply