Plizyè Milye Moun nan Lari a pou Mande Depa Majistra Josué Alusma

288
0
Share:
TRiboLAND

12/02/2025

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Lendi 1e desanm 2025 la, vil Pòdpe konnen gwo mouvman pwotestasyon kote plizyè milye moun foule beton an nan Site Kapwa Lamò a pou mande depa Majistra Josué Alusma ansanm ak Enjenyè tè bati a, Angelo Oracius, Direktè Depatmantal MTPTC Nòdwès la.

Dapre plizyè moun nan popilasyon an, se yon fristrasyon ki akimile depi plis pase 10 lane. Yo fè konnen yo fatige ak fason majistra a ap dirije vil la, epi yo estime moman an rive pou gen yon nouvo ekip dirijan ki ka pote vizyon, transparans ak bon jan sèvis piblik.

Manifestan yo deklare : “Apre 10 lane, nou pa nan Josué Alusma ankò. Nou bezwen yon lòt apwòch jesyonè, yon lòt fason travay.”

Pami prensipal revandikasyon yo, popilasyon an mande depa Majistra Josué Alusma ak Enjenyè Angelo Oracius nan tèt MTPTC Nòdwès. Responsab FÒS NOU an, Paul Eli Faustin ak alye klè ane sa pa gen 8 desanm ki se fèt patwonal Pòdpe ak Josué Alusma.

Nap raple, Josué Alusma poze yon latriye zak abitrè, kòripsyon ak kriminèl pandan 10 lane grate santi kòm majistre idyo ke peyi Dayiti pa janm konnen. Konsa, ta sanble afilyasyon li avèk aktivite gang Ti Bwadòm ta fasilite KPT – Didier Fils Aimé a rekondwi li odetriman vil Pòdpè kap plonje nan lanfè ak kòripsyon chak jou ki jou.

Josué Alusma, swadizan majistra transfòme Site Kapwa Lamò kòm yon depotwa fatra ou yon zèl kat politik pandan plis pase 10 lane.

Share:

Leave a reply