Dram nan antre vil Pòdpe, zòn Mòn Dorima

01/12/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Kominote Mòn Dorima nan antre vil Pòdpe a, anrejistre yon dram ki mete tout moun nan chòk. Nan maten jodi lendi 12 janvye 2026 lan, plizyè rezidan leve jwenn kò yon ti granmoun gason yo idantifye sou non Dizay, kouche atè san lavi, ak yon gwo twou nan fwon li.
Daprè enfòmasyon kèk moun sous bay, viktim nan se yon moun zòn nan menm. Kote yo jwenn kadav la, pa gen kay toupre, e pou kounye a, pa gen okenn detay klè sou sa ki ta ka lakòz lanmò li.
Grefye Tertilien te deplase sou plas, pou fè konsta legal yo, jan lalwa prevwa sa, anvan otorite konpetan yo te bay lòd pou leve kadav la.
Otorite yo fè konnen yon ankèt deja louvri pou fè limyè sou sikonstans ki antoure lanmò Dizay la; idantifye responsab yo si genyen, epi etabli verite sou sa ki pase a.
Nou pral kontinye swiv dosye sa a pou pote plis detay bay piblik la.






